More jokes
SERVEX AGENCY
Joke of the day
Paintings
Boletim GOL
Symmetry Products
Tennis
NBA
World Cup
CREOLE SECTION
Jedi 7 mas

11 sektanm 2001, gen yon neg ki sot lakay li pou li al travay nan biwo-l  twin towers World Trade Center. Men de tan zantan, misye konn fe ti pachat  poul al rilax li ak yon ti boubout sou kote. Men chak fwa misye fe sa, li toujou mete telefon li sou call forwarding pou si madanm li ap rele . Konsa,  madanm lan ap toujou konprann ke misye nan biwo li pandan ke se nan lari lap reponn apel sou telefon selila.

Nan dat ki te 11 sektanm, misye tap distre li ak ti boubout  li  pandan setan madanm li panike tonbe ap rele misye  paske li tande ke World Trade Center efondre. Le, li arive jwenn mari-l , li di : " cheri kote ou ye konsa, se pa kounye-a , map plede rele-w. Misye reponn : " Kote ou vle pou-m ye  ,
NAN BIWO-M cheri.

Vandredi 8 mas

Nan ekzamen bakaloreya Ayiti, te gen de elev ki te chita youn deye lot. Youn ladan yo te fo anpil, lot la te kreten anpil. Nan  matematik, sak kreten-an fe tout ekzamen an ap kopye sou lot la. Apre ekzamen an neg fo an mande lot la : kouman ou te degaje-w ? Lot la reponn " monche, m-pa konnen, oum pran tout bagay sou ou, sel bagay ou fe yon ti ere wi.  Lot la di : " ki ere "  ?

-  Mon che,  m-we ou fe tout
8 ou yo kouche mwen menm, mwen  kanpe yo ?



Samdi 9 mas

Te gen yon politisyen ayisyen ki yon le tap fe yon diskou sou tribin LONI. Apre yon de ze detan , yo pran yon ti brek pou yo al pran yon ti kolasyon. Bamann ki tap sevi - a paret kot politisyen ayisyen an, li di   " What do you want for lunch sir ?Tradikte- a tradyu an franse pou ayisyen-an e ayisyen an reponn : " Donnez moi  un sandwich " Apre tradiksyon , bamann lan di " What kind" ? Politisyen ayisyen-an pa menm tann yo tradyu pou li , li di  oummm..., " Okay, give me nose door.


Pase yon bon wikenn.


Gen yon jou, te gen de bon zanmi ki te deside al nan bal ansanm. Apre bal la , te ge youn nan neg yo ki te sou anpil, lot la pat gen pwoblem paske misye pa bwe alkol. Le neg yo rive  lakay yo, neg ki sou - a ki te gen kle nan men-l kanpe devan kay la ap gade san li pa fe anyen. Lot la di-l " sak pase ? Pou kisa ou pa ouvri pot la po nou antre, neg ki sou-a di misye "  Mon che, ou konn sak rive, ou-m we
tout kay yo ap pase devanm, map tann  kou pam nan rive pou-n antre. Zanmi andi " Mon che, fe respe-w tande, li rale kle-a nan men misye, li ouvri pot la, neg yo antre. Yon lot ti moman, neg ki sou-a, kanpe sou balkon kay la tonbe  pise anba nan lari-a. Te gen ki yon fi ki tap pase ki mouye ak pipi. Li voye je-l anle li we neg la kap pipi, li di " Ki tenten sa- a ? Apa misye ap plede pise sou moun nan lari-a ? Neg sou-a reponn, li di " se ou ki pou di-m sa wap chache nan vaz la cheri.

Sa poko janm fini, le misye fin pise, li deside lap fe zanmi-an vizite kay la. Li paret nan salon-an , li di zanmi-an " Ou we bel televizyon sa-a, se pou mwen, ....ou we bel aparey sa-a, se pou mwen, kounye-a li rantre nan chanm li; men pandan setan madanm misye te kouche sou kabann lan ap sikre ke-l ak yon lot neg , misye menm ki sou, kontinye sou menm lanse-a , li di zanmi-an: " Ou we bel kabann sa-a, se pou mwen, ou we bel fanm sa-a ki kouche sou li-a, se madanm mwen, ou we neg sa-a ki avel la se
MWEN MENM ".
[Jokes]
[Jokes]
[Jokes]
[Jokes]
[Jokes]
[Jokes]
Si ou gen on bel blag ou ta renmen fe pase sou servex agency- joke, ou met voye-l ba nou pa e.mail   : [email protected].

Krite pa nou pou nou seleksyone yon blag , fok blag la ka fe moun griyen dan yo e fok blag pa gen vilgarite ladann.

Nap akode plis enpotans a blag ki gen rapo ak aktyalite , blag ki pa gen koule politik ak blag ki trete  de lavi an Ayiti.
Gen yon le , te gen yon gwo , gwo chef ayisyen ki te al fe yon ti vizit nan peyi etranje. Misye tou pwofite pou te al aprann kondi. Tout sa monite-a fe pou-l aprann misye demare, misye pa kapab. Chak fwa li eseye, machin la mouri nan men-l. Monite-a  ki pa vle pedi kob la, di chef ayisyen-an : "sa ou panse, si nou esye fe yon ti kout nan bak la"? Chef la reponn : " pa gen pwoblem " . Apre de twa ti eksplikasyon, monite-a ba chef ayisyen - an machin lan.Chef la pran machin lan li : Voouuunnn....... voouunn........... vooouuunn, ap jwe marel nan mitan on paket pye bwa, ak lot machin , fe pakin paralel tout bagay. Pandan setan, monite-a  rete  bouch ouvri telman li sezi. Chef ayisyen-an di : " sa ou genyen " ? Monite-a reponn : Ou-m pa konprann kouman ou poko menm konn kondi pou ou fo nan bak konsa, pandan ke ou poko ka menm demare machin lan le wap fe avan. Chef la di : " e byen , ou konn sak pase, m-gen gwo eksperyans nan bak " Monite- a di " ki jan " . Chef ayisyen an di " Ou-m gen pre de di zan depi map fe on ti peyi fe bak , se pa yon ti machin ki pou ta banm pwoblem.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet. You need Java to see this applet. You need Java to see this applet. You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet. You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet. You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet. You need Java to see this applet. You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet. You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet. You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet. You need Java to see this applet.
You need Java to see this applet.
Hosted by www.Geocities.ws

1