| SANTE AYITI: --------------------------------- Kesyon sante nan peyi D'Ayiti se yon pabay terib,pep la rete alamesi de JPP. Gouvenman peyi'a pa fet anyen pou bezyon sante pep la. Le nou APPA ap pale de sante nou vle di bagay sayo: dokte,remed,lopital,sant sante,anvironman,nouriti,ak zafe ijen. SA APPA VLE FE: DOKTE: Fok nou rive fome plis dokte. Fok dokte yo moute nan seksyon riral yo. fok nou fome plis infimye ak teknisyen nan zafe sante. REMED: Medikaman dwe a la pote de tout moun. APPA gen pou ankouraje tout jen ki vle rantre nan zafe famasi epi mete yon sevis sou pye ki pou ede yo nan zafe famasi. LOPITAL: Amenajman lopital leta yo se yon bagay inpotan pou APPA. Fok peyi'a rive gen yon lopital tout bon vre,appa ap fe tout sa ki nan povwa'l pou sa reyalize. SANT SANTE: Nan seksyon riral yo ,fok saki pi loin vil yo dwe gen yon sant sante ki pou sevi peyizan yo,sitou timoun ak fanm ansint(gro vant). ANVIRONMAN: Pou zafe anvironman rantre dirk nan sante poupilasyon'an. APPA ap ankouje peyizan yo pou yo pa koupe bwa ninpot kouman. Nap fe program ki rekonpanse peyizan ak moun ki gen pye bwa'a nan lakou kay yo. Nap mande palemante yo pou fe lwa pou proteje pey bwa,sou dlo ak dot anko. IJEN: zafe polisyon (vle gaz moun ap espire),fatra,rikol dlo sal,vle manje espire, vle medikaman espire ak dot anko ,appa ap tanbli SEVIS IJEN POU KONTROLE ZAFE SAYO,epi mande paleman yo fe lwa pou pini moun kipa vle sante triyonfe nan peyi'a. NOURITI: Nou vle pale de manje pou moun manje. Fok pep la jouin manje pou li manje. anje fe pati sante'a tou. Nap bay tou timoun malere yon moyen pou bay pitit yo manje ak swen medikal. Nap vini ak yon asirans pou timoun. |
||||||||
![]() |
||||||||
| lile litan pou tou jen gason ak jen fanm peyizan sayo jouin la sante jan tou moun lot kote jouin sante. Nan seksyon yo timoun pa viv lontan, jen fi ak jen gason soufri de yon bann maladi ;pagen sekou pou yo. Fok nou chanje sa | ||||||||