KIJAN APPA WE MACH PEYI"A POU DEMIN.


Zafe politik,sante,edikasyon,ekonomi,jistis,sosyal ak dot anko.

Ala verite sesa anpil moun bezouyen konnin de kijan  appa  konprann demin peyi d'ayiti.  Politikman nou konprann peyi'a diferan ke anpil groupman ou pati politik nan peyi'a.  Pou nou koumanse nap di biro politik appa ap dirije pa
Lucien Petit kise anmenm tan sekrete jeneral pati'a.
APPA se yon pati lib e liben,li pa gen peson kap dikte sa poul fe,ni yon gouneman,ni yon group,ni yon
individi andeyo pati'a.  Sa vle nou sel met tet nou.
POLITIKMAN:   Nou ankouraje libete politik, ak laparol.  Nou ankouje dialogue ant tout pati oubyen groupman politik kit lite ayisyen oubyen etranje,kiti lite gouvenman ayisyen oubyen etranje. APPA  vle yon edikasyon sivik ak politik tabli sou tout AYITI;koumanse dabo nan mas la ak seksyon riral yo.  Tout rankont politik kap fet ak yon pati ou yon gouvenman se responsab politk pati'a ki pou fel esepte sili delegue pouvwa bay sekrete anapre'a. (li stati pati'a).
KONSENE ELEKSYON: APPA toujou sipote eleksyon kom yon metod demokratik,sepandan nou reseve dwa pou chwazi dot moyen anka peyi'a andanje.  APPA sipote dwa tout moun, ak group jan lwa peyi'a mandel.  APPA sispote tou lwa intenasyon AYITI siyen men nou gen dwa tou pou poze kesyon ak  seten lwa  oubyen trete peyi'a rantre ladann.  APPA  pa vle vanjans men nou vle jistis fet tout bon.   Sesa ki politik APPA
lucienPetit nan yon konferans de pres
LEDIKASYON:
BIRO EDIKASYON an DIRIJE PA PROF, JHONY CERDIEU.

Edikasyon se yon bagay tre inpotan pou APPA.  Sistem edikasyon peyi'a dwe chanje  an kalite epi kantite,sa nou vle di.  Depi 200 lane nou pran depandans,nan domen edikasyon nap vire anron.  Pou kalite edikasyon nou genyen sa pa mennin nou tro louyen;pou kantite menm se tet chaje le nap konste  gro moso moun ki pakon ni li ni ekri nan peyi'a. 
KALITE:
Nou vle fok gen refom.  Nap vini ak yon sistem edikasyon baze sou realite peyi'a ak posibilite mond nan ofri'n. Nan chak komin(119)fok gen yonn ou de (2) lekol teknik ou profesyonel pou jen gason ak fanm ki kite lekol nan moso rout.  Lekol sayo ap konsatre nan zafe teknoloji(reparasyon tele,radyo,fride,telekomikasyon,atizanal, ak tout bagay peyi'a gen bazouyen).  Relasyon elev,lekol ak profese dwe chanje yon fason poun mete konfians nan sistem edikasyon nou an.  Pou yon elev soti nan yon lekol,yon innivesite oubyen yon lekol teknik/profesyonel sa dwe fet ant 2 institisyon yo,se apre analiz ki fet elev sa kapab chanje lekol.  Nou nan APPA vle mete institisyon sivik ak yon dwa moun nan tout klas prime ak sekonde. Edikasyon  nasyonal peyi'a ap aplike sa selon nivo chak klas. 
LEKOL POU TIMOUN:
Nou gen 556 seksyon riral anviron nanpeyi'a,nou vle chak nan yo dwe gen yon lekol pou timoun.  Pou nou fe sa byen nap bay pousad ak majistra ak kazek/azek yo.  Nap ankouraje moun ale mete lekol nan seksyon yo,leta APPA'a ap  ede yo nan sa.  Tout elev  prive oubyen piblik,depi prime jiska sekonde dwe pote inifon.  Devan infom sa dwe gen DRAPO PEYI"A
KANTITE:
Nan Mas la fok nou mete plis likol leta epi repare epi agrandi sa kila deja yo.  Tout inivesite yo dwe moden jan saye nan tout lot kote serye(biotek,bon twalet,kafeterya,sal rekrayasyon ak etid,laboratwa pou esperyans eksetera).  Kantite lajan profese ap touche dwe rantre danble nan kesyon chanjman.
Hosted by www.Geocities.ws

1