zafe Ekonomi


ZAfe ekonomi nan yon peyi kontrole pa 2 group moun:  sekte prive ak sekte piblik.  Sepandan ,nanpeyi d'ayiti tou 2 group sa yo an difikilte pou fe peyi'a mache,yon fason pou moun sa viv byen selon reg jwet la.  Peyi'a konte plizie bagay pou fe fel mache; 1)
zafe taks;2) se investisman;3) van sevis;4) ed intenasyonal;5) se lajan moun nan diapora.
Malgre tout rante soti sayo,peyi'a nan yon grav sitiyasyon ekonomik.  Kesyon nap poze na appa kisa kap pasela?
Sakap pase la fasil pou konprann.  Premye bagay la se
mal GOUVENE,dezyem se KORIPSYON,twazyem GASPIYAY epi pou fini se mank VIZYON REYEL POU DEVELOPE peyi'a.
Sepandan kisa APPA vle ?
Sa nou vle'a fasil.  Se retire peyi'a nan problem sa kap koutinye'a,yon problem ki sable san fin. 
GOUVENANS:
Nap vini ak yon bon ekip gason ak fanm konsyan de sitiyasyon peyi'a.  Pou nou chwazi moun sayo nap mete yon sistem sou paske moun sayo pap zanmi ak fanmi moun nan appa.  Se nan kondisyon sa nap bon sitwayen ki kapab dirije tout institisyon leta yo.
KORIPSYON:
Move  dirijan ak tolerans  kife koripsyon an peyi'a.  APPA ap mete sou pye yon sistem pou chache kounin tout koripte nan institisyon leta yo. Di vle depi moun ki nan tet yo jouskou moun ki anbanet yo.  Nap ajiste lajan moun touche nan biro leta yo.
GASPIYAY:
Zafe byen lete ap itilize pou zafe prive yon moun sadwe fini. Machin,gaz,ak tout lot zafe leta dwe rete nan biro leta apre sevis fini.  Nou nan appa kelkeswa moun kap fe oybyen ankouraje sa fe ap jouin bon jan finisyon ak revokasyon.
Vizyon Reyel: APPA gen yon vizyon reyel sou kouman peyi'a dwe mache an avan pou intere mas la ak peyizan nou;pou jen gason ak jen fanm kap grandi nan peyi'a epi pou gen yon peyi pou tout moun viv byen.  Kisa vizyon APPA we?.  Nou sekte piblik la ak prive'a dwe gen yon bon jan dialogue.  Sa vle pou kat la bat sou tab la.
Fok leta fe biznis pi byen.  Investi nan transpotasyon epi refome sistem nan.  Fok leta ak sekte prive invasti anpil nan sistem aviyasyon.  Fok leta ak sekte prive'a investi plis nan telekominikasyon.  Fok leta  ranje po(lan me yo) pou fe biznis.  Vil yo tro lib,Fok leta mete yon sistem peye rantre nan vil yo(toll).  Fok leta mete yon bon sistem kanpe pou touche tout TAKS.  Fok leta kontrole zafe tranfe lajan pi byen nan peyi'a.  Fok leta ranje zafe lajan kap moute desan nan peyi'a.
APPA VLE POU TOUT MOUN TRAVAY.  AK plan nou'an nap:  Yon lot jenerasyon hom dafe ki pou develope komes ak indistri nan peyi'a.  Nap kreye yon gran sant ORYANTASYON pou fome tikomesan,tibizizman,tiantreprene ak ti indistriyel.  Nap kreye fasilite kredi pou tout tibizizman,tikomesan,ti entreprene,ti indistriyel.  Kilti,art ak espo dwe rantre lajan(sous ekonomik).  (box,cinema,teat,fotbal,baskebal,)
          AFE PEYIZAN AK PEP AYISYEN
                               (APPA)

SE POU OU
SE POU MWEN
SE POU NOU TOUT
              AN NOU POTE KOLE ANSANM
MADAM.  SARAH CHEVALIER, MD
Manm responsab  rechech sou zafe la sante.  La sante dwe zafe tout moun non pa yon ti group privileje.  Tout moun dwe viv an bon sante.  Timoun piti,ak gran moun aje pi soufri nan peyi'a, nou nan appa deside pou fini ak bagay sayo.
tout moun fet pou viv byen,sesa gran met la mande.  Pa pran tout pou'w.
Hosted by www.Geocities.ws

1