1. Ki pyès m bezwen pou timoun mwen koumanse lekòl Ozetazini, nan klas primè?

Pou ou enskri yon timounn nan klas primè nan peyi Ameriken ou bewen yon pakèt pyès tankou:  Batistè ki moutre ke timoun nan gen pou pipiti 5 an, kanè kote timoun nan te lekòl avan (pou timoun ki te deja lekòl isit, yo sèlman bezwen yon transfè soti nan lòt lekòl la), 2 papye ki ka moutre adrès ou (si ou rete nan kay lòt moun, fòk moun nan fè deklarasyon nan yon lèt notè siyen ki di ou rete avèl ak tout timoun ou an), moutre papye tout kalite vaksen yon timoun dwe pran tankou lawoujòl, sawonpyon, tetanòs, malmouton, ak tout lòt egzamen fisik.  Lè ou fini bay tout pyès sa yo, ou ka mande pou ou ranpli fòm enskripsyon pou timoun nan san manke tikras enfòmasyon.

2. Kòm yon paran, ki dwa ak devwa m genyen nan edikasyon pitit mwen nan peyi sa a?

Kòm yon paran, nan peyi Etazini, ou jwe yon wòl enpòtan nan edikasyon timoun ou an.  Pa gen pyès gran desizyon pwofesè a oswa direksyon lekòl la ka pran san konsantman ou.  Egzanp:  Yon pwofesè pa ka double elèv la klas san li pa kontakte ou, direksyon lekòl la pa ka chanje timoun nan pwogram oswa chanje li pwofesè san li pa avize ou.  Pou nenpòt nan desizyon sa yo, lekòl la gen pou li ekri ou yon lèt pou ou ka vini diskite sou tab epi pou ou siyen anvan desizyon an pase.  Si ou pa ta dakò, ou gen dwa fè plent pou lekòl la nan biwo Depatman Jeneral Edikasyon nan rejyon ou ye a; konsa yo va voye yon entèmedyè pou vini diskite ka a ant oumenm, responsab lekòl la, ak moun depatman an voye a.  Si ou toujou pa dakò ak toulede ou ka swa pran avoka oswa retire timoun nan lekòl la.   Li trè enpòtan pou nou raple ou tou ke yon paran pa ka bay vag lè li fini mete timoun nan lekòl la.  Se pou li toujou disponib pou chak lè lekòl la mande pou li.  Si, apre tout kontak, yo pa ka janm jwenn ak yon paran, lekòl la ka pran gwo mezi la jistis kont paran an; leta ka menm pran timoun nan akoz neglijans ou.   Pa bliye tou depi timoun nan poko gen 12 an, li pa dwe ret lakay la san sipèvizyon yon majè.

3. Si pitit mwen pagen rezidans, èske li ka al lekòl tou?

Wi, pliske lekòl la gratis, leta isit pa bezwen konnen ki papye legal yon timoun genyen pou li enskri0.  Depi yon timoun sou tè isit, se yon obligasyon pou paran li voye li lekòl, menm jan li responsab pou tout lòt kalite swen.  Nitou, se pa dwa lekòl la pou li mande pou pyès tankou rezidans, sosyal pou yon timoun antre. 


4. ki orè lekòl isi genyen, tankou dat, lè yo fè antre, lè yo lage klas, jou vakans?



5. Kouman pou m antre nan inivèsite, oswa collège nan peyi blan Meriken?



6. Kouman m ap fè aprann yon pwofesyon nan peyi a?

 



                           

Hosted by www.Geocities.ws

1