Ekri Krey�l Fasil

Biwo Nasyonal Alfabetizasyon


Viv lavi pou tout moun. Viv lap� pou tout moun. Viv lasante pou tout moun. Viv manje pou tout moun. Viv travay pou tout moun. Viv lek�l pou tout moun.

Aba lavi ch�. Aba lag�. Aba grangou. Aba lamiz�. Aba lenjistis. Aba pàn kouran.

Tout moun se el�v. Tout moun se pwofes�. Tout moun ap aprann ekri krey�l fen. Chak moun ap montre yon l�t moun ekri krey�l, ak twa ti prensip. Paw�l nou f�k li yo, ap montre nou jan chak l�t ret nan w�l yo, jan tout son ekri menm jan, epi jan nanpwen let ki b�b�, ki initil.

 

1. Chak l�t ret nan w�l yo

Men l�t nou jwenn ki ret nan w�l yo, nan paw�l nou f�k li yo:

a nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamiz�, p�n, lag�, travay.

annan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou

b nan: aba

chnan: chak, cho

d nan: drapo

e nan: me, katreven, iniv�site, se, el�v, pwofes�, ekri, krey�l, montre, lasante, manje, lek�l, ret

nan: n�f, f�t, el�v, pwofes�, l�t, ch�, lamiz�, lap�

ennan: katreven, fen, prensip, lenjistis

f nan: n�f, f�t, fen, pwofes�

g nan: lag�, grangou

i nan: dizui, mil, iniv�site, viv, lavi, lamiz�, lenjistis, ekri, ti, prensip

j nan: lenjistis, manje

k nan: katreven, ekri, krey�l, chak, kouran, lek�l

l nan: mil, el�v, krey�l, l�t, l�t, wol, lenjistis, lavi, lamiz�, lag�, lasante, lap�, lek�l

m nan: me, mil, moun, montre, lamiz�

n nan: n�f, iniv�site, moun, aprann

o nan: drapo, yo

onnan: onz, montre

ounan: tout, moun, kouran, pou

p nan: drapo, pwofes�, ap, prensip, pan, lap�

r nan: katreven, drapo, aprann, ekri, krey�l, montre, prensip, ret, kouran, travay

s nan: iniv�site, se, pwofes�, prensip, lenjistis, lasante

t nan: katreven, f�t, iniv�site, tout, montre, l�t, twa, ti, l�t, ret, travay

uinan: dizui

v nan: katreven, iniv�site, el�v, lavi, viv, travay

w nan: pwofes�, twa, w�l

y nan: krey�l, yon, yo, travay

z nan: dizui, onz, lamiz�

An menm tan, tout egzanp sa yo montre nou dezy�m prensip la se:

 

2. Tout son toujou ekri menm jan

Anpil egzanp montre nou sa twazy�m prensip la ye, espesyalman l� nou gade d�nye l�t ki par�t ladan yo. Twazy�m prensip la se:

 

3. Nanpwen l�t ki b�b�, ki pa pale, ki pa rem�t son pou yo rem�t la

Nou w� sa nan: bab chich rad n�f n�g paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz. 

 

Kalkile prensip sa yo byen.

Gade ki jan tout koze ki nan f�y sa a ekri.

Suiv mod�l yo byen.

Epi, ekri tout b�l paw�l ki nan t�t nou, fasil. 

 

Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )

Hosted by www.Geocities.ws

1