On Apèl pou Klas Ouvriyè Nou Yòk

Goumen kont ak ankourajman ak atak rasis!

Inite lan lit revolisyonè pou jete kapitalis bilyonè ki se sous reyèl sa nap soufri ansanm ansanm!

Inite Afriken Ameriken, Laten, blan ak tout lòt travayè!

Bilyonè yo kap dirije vil sa ansanm ak gouvènman kap sèvi yo a, ap fè on seri atak rasis chen anrage sou travayè, minorite nasyonal ak pèp vil la.

Sou on bò sa vle dì on degre ekstraodinyè terè la polis zenglendo ki frape minorite nasyonal yo anpil. Nou sonje ka Michèl Stewart, atis Afriken Ameriken yo te bat epi toupizi jiskaske li mouri, se te travay 6 la polis mobil New York siti an 1983. Nou sonje tou kouman la polis tiye on ti gran moun Eleanò Bumpurs, on granmè Afriken Ameriken ki te gen 67 tan, se la polis ki te tire li pandan yo tap mete li deyò lan apatman li lan on pwojèkay lan Bronx. Zak kriminèl zenglendo la polis ap monte mach eskalye rapid lan zòn metwopolitenèn. Nou jwenn ladan yo ka sa yo ki fè anpil bri:

Gen on pakèt ak kantite ka, terè zenglendo la polis zon Nou Yòk la fè ki pa fè anpil bri.

Natirèlman, gouvènman toujou kouri di ke zak zenglendo yo ye, se pa prejise rasyal la polis ki lakòzyo, men ajisman sovaj la polis le 16 Septanm 1992 parèt klè kou dlo kòk. Se jou sa dèmilye la polis manifestè devan la komin City Hall kote yo chante pawòl rasis epi yo atake tout nwa ki tap pase lan zòn yo pa àksidan. Pagen on ofisye ou byen lidè gwoup zenglendo sa yo yo pèsekite pou zak chen anraje sa yo.

Vijilans

Se menm lè sa tou gouvènman ankouraje epi sanksyone zak zenglendo sou moun ki pa blan. Ka nou konnen se Benard Goetz ansanm ak zak terè vagabonday plaj Howard Beach ak Bensonhurst ki te pèmisyon klas kap dirije yo te bay rasis pou yo atake alaso. Se pou tèt sa tribinal yo pwoteje yo, an jeneral sa yo jwenn se on ti tap sou do men, lè yo te mennen yo vin jije lan tribinal. Gen lot reyaksyonè tou tankou lidè lan Lubavitcher ansanm ak Organizasyon Defans Jwif ki travay di pou yo òganize atak rasis lan Zòn Crown Heights yo, tankou jan yo te bat on nèg san ka Ralph Nimmons san otorite pa menm eseye antre lan koze a.

Mwayen Kominikasyon

Lan anpil ka, zak sankoutya sayo jwenn ankourajman ak jistifikasyon pandan zenglendo yo ap anse fraz rasis. Lan lòt ka selòt mwayen pi anba anba yo sèvi pou yo ka kreye on klima ideyolojik pou justifye epi chofe rasis yo pou yo fe aksyon.

Pa ekzamp gwo jounal, estasyon radyo ak televizyon ke moun rich kontwole, lage de gidon pou prepare tèt mas blan pou aksepte atak rasis kont sa ki pa blan. Yo kreye on kriz mantal kont nwa ak lòt minorite nasyonal. Tout pwogram nouvèl, sinema ak pwogram pale lan radyo marye ak menm kalite manti yo: ke se Nwa, Portoriken, Dominiken, Ayisyen ak lot imigran ki la kòz krim, povrete ak vil la kap tonbe pi mal chak jou. Medya yo ankouraje otorite yo pou kraze grenn tou sak pa blan, epi pwoblem yo va elimine. Menm jan Itlè te fè ak Jwif yo, pèp Romani yo ("jipsi" yo) ak Slavik yo, klas kap dirije yo ap pran woulib sou nwa pou tout krim kapitalis yo. Men krim sayo (anpil lòt moun lan sosyete a fè moun ki blan ak sa ki pa blan) se konsekans povrete, chomaj, sosyete a kap dejenere, epi san konsyans ke kapitalis la kreye.

Epi tou nou pa fèt pou nou janm blije leson fondamental sa: reyèl kriminèl lan sosyete a se kapitalis yo menm ki fè tout richès yo sou vòl ak travay diplis yo volè sou do travayè.

Moun rive wè wòl rasis, reyaksyonè, kont revolisyonè la près kapitalis sitou, lè tout peyì a te leve kanpe lè yo lage la polis yo ki te bat Rodney King an Avril 1992. Premiye reyaksyon majorite travayè blan, kou sa ki pa blan, se san yo ki te bouyi lè yo pa kondanè la polis rasis yo. Men medya ke kapitalis yo kontwole, travay ovètay pou ankouraje la perèz ak kriz pou divize travayè blan ak travayè nwa. Yo gaye on pil manti rasis kòm kwa nwa tap atake blan, san pran souf, lan tout Manatann. Kote moun ap travay, tout radyo lan Nou Yòk, tap klerone manti sa yo epi bòs kapitalis yo te voye travayè la kay yo avan lè sou pretèks yap pwoteje yo. Pandan setan te gen anpil ekzamp travayè blan, ki fè men kontre ak nwa ak lòt ankò pou fè manifestasyon kont la polis zenglendo ak sistem tribinal yo a, men pwopagann rasis yo te rive fè jefò pou kraze inite sa lan ze: inite travayè tout nasyonalite.

Kapitalis la an Kriz

Kriz tèt cho isterik rasis sa pa rive pa aksidan. Jounen jodi a, se gras ak gwo koutmen, ti boujwazi a ansanm ak aristokrasi ouvriyè a (travayè ki pi byen touche yo), ke klas kapitalis la rive fè li. Sistem kapitalis la ap pase on kriz ekonomik ak politik ki grav. Kriz la lan zantray li, men li gen efè tou sou tout leta kapitalis yo, an Ewòp, Azi ak Amerik.

Chomaj ap monte fetay tèt kay pandan kapitalìs yo ap kontinye revoke travayè an mas. Moun ki san kay ap vin piplis. Kwak bòs yo ap fè pwopagann manti, pwodiksyon ap bese epi konpetisyon mache kapitalis la kap ratresi, ankouraje bòs yo pou yo atake travayè. Pou yo retire diplis sou jan travayè ap viv, kapitalis yo fè on seri atak sou yo. Se chakjou salè travayè ap desann, epi sosyete a ap divize an de kan: sakì genyen ak sa ki pa genyen, rich ak pòv. Kòm yo pran sant revol travayè yo ka fè, ak revolisyon kap bouyi kont kondisyon sa yo, se sou santiman rasis bòs yo kouri. Yo gen espwa yo ka bloke mouvman travayè (ki gen pou fèt kan menm) ak taktik "divize pou reye".

Li natirèl pou leta ozetazini (kise diktati moun rich), jèmen ankourajman rasis ak laterè zenglendo la polis la. Lwa ak demokrasi, se koze kapitalis ki rich, mas travayè kap bourike ansamn ak nasyon yap toupizi yo se sou zòd diktati kapitalis yo yo mache. Kwak li vlope tèt li aktout bèl pawòl epi fòm demokratik ak langaj gran panpan, ekstrè esans leta rete menm bagay. Militè, la polis, tribinal, chanm depite, gwoup makout zenglendo k.k.k., nazi, vijilan, gangstè, ekip machanm dwòg, tout se zam represyon leta kapitalis la ak rich yo itilize, pou yo ka peze klas travayè ak peyi yap toupizi yo. Se yon machin sovaj represif ki mache ak vyolans san limit legal. Epi tou kòm kriz kapitalis la ap pran chè chakjou piplis, kapitalis yo tou fè vyolans ak laterè kare bare pou foure mas kap leve tèt pou yo revolte, pi fon anba tè.

Enterè Klas Ouvriyè yo

Rich yo chèche sèvi ak diskou rasis pou divize diferan sektè lan klas travayè a ke seswa blan, Nwa, Portoriken, Dominiken, Ayisyen konsa yo ka fè ladènye sou nou tout.

Se danje sa ki grav pou inite klas ouvriyè, ki oblije tout travayè ki konsyan wòl klas yo ak Maksis Leninis reyèl yo, pou avèti kanmarad yo ansanm ak mas yo, ki danje kap tanm yo pi devan. Se pou tèt sa nap mande pou rejte rasis yo kare bare epi pou nou travay sere sere kont eksplwatè kapitalis yo.

Se klè pawòl ankouraje rasis yo ansanm ak divisyon, pa lan enterè travayè salarye klas kapitalis la ap eksplwate. Pwiske li feblì e menm fè li vin enposib pou fè rezistans fas a enmi prensipal yo: gwo bacha ak rich yo. Fas ak apèl rasis yo, li lan enterè pou travayè blan pran la banyè pou konbat rasis blan epi tengen zeklè kap tizonen dezinyon lan mitan klas travayè a. Kwak li vre ke bòs yo monte sosteye onjan pou travayè blan gen yen kèk privilèj sou tèt sa ki pa blan ansanm ak travayè imigran, privilèj sa yo se pèlen tèt ki pral mare menm kou travayè blan yo. Privilèj sa yo separe yo de frè ak sè yo ki lan menm klas ak yo, epi li fè li enposib tou pou yo monte okenn rezistans serye vizavi sa bòs yo ap ekzije. Yo menm tou yo kondane pou klas kapitalis la kraze yo tout tan pandan kapitalis yo lage kek kras pen anba tab la. Tankou Kal Maks te di klèman, "Travayè blan pa kapab leve tèt yo gras a po yo, pandan lap tanpe po nwa tankou chwal."

Pou nou reponn fwon ini klas kapitalis yo, fò nou fè on fwon ini travayè!

Rasis choven blan an menm tou provoke santiman anti blan lan mitan sektè ki pa blan. Li jwenn chimen li lan klas kapitalis minorite nasyonal yo: se pastè Farakkan ki reprezante mounsa yo. Pou yo ka pwoteje ti enterè klas pa yo, yo brase rayisans kont tout blan, menm travayè blan ki ekspliwate. Yo gen lan tèt yo pou yo divize klas ouvriyè a, sa fè boujwazi blan ki rich lan griyen lan moustach li.

Denkenn ak Pati Demokratik la

Liberal kapitalis yo met batri yo an mach pou rejim Denkenn la fè on seri apèl san sans sou kesyon kole zepòl ak tèt an tèt rasyal. Yo vle kole ansanm rasis yo, ansanm ak moun kap goumen kont rasis. On lòt fason pou yo kouvri krim sal rasis yo ak pawòl van tankou "nou tout se moun". Yo sèvi ak demagoji sa yo pou kraze lit mas yo kont kriminèl rasis yo, espesyalman pou yo dezame epi anpeche mas yo fè aksyon san pran souf pou proteje tèt yo kont atak rasis yo ap fè.

Aprè tribinal yo, lave la polis rasis yo, ki te tiye Jose Garcia, Denkenn mande pèp la "respekte desizyon an". Men lè pèp la pran aksyon dyanm pou yo pini otorite yo ak aksyon rebelyon, Denkenn deklare "moman jijman deja pase, li lè pou nou geri maleng." Sa li vle di sè ke sa yap peze souse yo, fèt pou fè tèt kole ak moun kap toumante yo pou bliye tout krim la polis. Tou sa lan avantaj rasis yo ak la polis, Denkenn vle pou gen inite moun ki sibi atak yo ak sa ki fè ti dife boule ansanm ak sa ki fè atak yo.

Men si nou gade byen entere sa kap soufri yo, sa nou bezwen se pa janm tèt kole ak moun kap toupizi nou, men se dezinyon ak yo. Sa nou bezwen se pou flanm lit nou an boule piplis kont pezè sousè yo, si pou sistem peze souse a fini. Sa nou bezwen se on divòs totàl ak Denkenn, pati Demokrat la ansanm ak Repibliken ansanm ak rès gouvènman, paske yap travay men lan man, kare bare (dousman ou byen a klè, dirèkteman ou byen endirèkteman) pou lanse atak polis epi pwoteje rasis yo, lan men sa kap soufri yo.

Chovinis Sosyal

Opòtinis, swa dizan "pati sosyalis" yo pa pi bon pase liberal yo ansanm Denkenn. Yo menm tou, yo vle pou moun yap peze yo fè tèt kole ak bourik la polis yo ak rasis yo sa vle di bese tèt devan yo pou yo kale bouda w tankou chyen.

Pati Kominis Ameriken revizyonis la (sa ki kont Maksis) fin anraje pou yo andòse liy Pati Demokrat la ak Denkenn a la tèt. Yo fè tou sa yo kapab pou yo kache verite sa: pawòl anti rasis Denkenn, se pawòl ipokrit ki sèvi pou fè kamouflay sou jan gouvenman sipòte rasis yo.

Pati Mondial Travayè, ki te sipòte Denkenn kòm majistra swiv chimen li pye pou pye tankou chen, yo pa fè anyen pou yo ekspoze ipokrizi ak de lang Denkenn ansanm ak pati demokrat la. Yap pouse yap mande pou on swa dizan "kontwol kominotè sou la polis" ki ale lan direksyon pasifik Denkenn ki vle kreye on "Seksyon Revizyon la Polis". Kesyon pou mande "kontwol kominotè" tou twonpe sa kap soufri yo pou yo kapab kwè, ke san on revolisyon sosyalis, li posib lan sistèm kapitalis la, pou pèp kontwole aparèy leta. Men eksperyans mouvman klas ouvriyè montre se on ilizyon total men yo pap kapab redwi la polis zenglendo ansanm ak vyolans rasis reyèlman.

Batay Klas Ouvriyè a

Lit mas revolisyonè se sèl fason pou kraze epi fini ak sa kap dirije la polis zenglendo ansanm ak vyolans rasis. Grev, manifestasyon ak rebelyon se sèl zouti pou konbat kapitalis yo ansanm ak leta.

Ansanm ak zak sa yo, travayè avanse epi tout seksyon lan klas ouvriyè a dwe bay sipò yo san pran souf sou kesyon demokratisi a bay pèp lan minorite nasyonal yo ap mande ozetazini. Kesyon nimewo 1 se pou nou mande dwa pou yo dirije tèt yo, endepandans total san wete, ni mete nasyon Afriken Ameriken (lan Sid la, sa yo rele Setiron Nwa) epi pou Pòto Riko.

Kesyon santral sa ap monte inite lan klas ouvriyè sitou lè yo retire privilej leta bay travayè blan yo, lipral mete tout travayè sou menm, mach eskalye lè yap diskite kesyon òganizasyòn leta.

An menm tan tou klas ouvriyè a dwe mande pou yo pèsekite, kondane epi anprizone ak tout fos la lwa mande, tout la polis ki fè zak kriminèl ak zak zenglendo kont pèp la. Yo toujou lage la polis aprè yo fè krim sa yo.

Nou konnen trèbyen kesyon sa yo pa lan enterè leta kapitalis la, konsa yo pap bouje san on batay konsekan. Pou tèt sa, fò se on lit revolisyonè nou mennen san pran souf ki pou konsantre sou kesyon ralye mas yo ki lan sendika: ki se oganizasyon mas travayè yo. Se la travayè sosyalis ki konsyan wòl vre yo dwe fè on travay edikasyon pasyan, san pran souf pou atire mann sendika A.F.L.-C.I.O. ansanm ak lot sendika lan lit la.

Fò nou met aktivite sou travayè lan sendika yo pou yo kase kòd ak pratìk rasis yo, fo lidè biwokatik yo pou yo jwe on wòl aktif lan batay kont atàk rasis yo. Kòm ekzamp, nou wè aprè rebelyon lan Los Angeles yo, bòs yo te kapab rive kraze inite travayè lan Nou Yòk epi epwize patisipasyon travayè blan yo ansanm ak mas sendika yo. Pou komanse manm sendika yo (kelkeswa ras ou nasyonalitè) dwe antame on lit konsyan a pati on plan byen bati. Aprè sa si pandan lòt rebelyon espontane, travayè revolisyonè yo kapab mennen on gwoup travayè oganize lan sendika yo pou fè solidarite, sa pral genyen on kokenn efè pou mas ouvriyè yo ansanm inite klas la.

Anplis de sa, travayè revolisyonè ki konsyan klas yo dwe lan tèt oganizasyon patwouy otodefans yo, ki fèt ak travayè tout nasyonalite yo pou pwotejè vwazinay klas ouvriyè yo kont atak rasis yo.

Revolisyon Sosyalis

Fò nou pa janm bliye, gen on sèl jan pou nou fini ak mayi rasis, chovinis nasyonal ak divizyon klas kapitalis la pote, se sèlman lè nou jete revolisyonèman kapitalis la. Sa va komanse lè klas ouvriyè a sezi pouvwa, yo kraze mayi machin leta kapitalis yo, ekspwopriye bilyonè rich yo epi òganize yon repiblik sosyalis Etazini Amerik. Kòm rasis se on pati entegral diktati kapitalis la, na va koupe lonbrik lì sèlman lè revolisyon sosyalis triyonfè la kay nou epi lòt peyi. Diktati pral ranplase diktati ti gwoup minorite rich la klas ouvriyè, ka pral bay klas travayè ki tap bourike yo, tout demokrasi pou yo, epi eksplwatè yo, yo menm pap gen demokrasi. Sa pral bay on leta nèf, on leta siperyè kap rale travayè yo lan administrasyon leta, jan yo pa janm wè. Leta travayè yo pral òganize on lòd sosyalis kap kraze tout rezistans rich yo ki natirèlman pap aksepte bèkatè san yo pa goumen.

Kan revolisyonè a pral pran pouvwa, pral detwi ansyen machin represif la polis ak militè yo, elt... epi pouvwa nouvo leta pral efase yo sou la tè.

Lan seksyon relasyon nasyonal ak ras yo, leta sosyalis la pral entèdi epi kraze tèt kale gwoup tankou K.K.K. ak lòt rasis yo. Yo pral ekri lwa kap pral entèdi ajitasyon doktrin siperyorite rasyal ak chovinis. Yap pouswiv moun ki dezobeyi lwa sa yo, epi yap bayo gwo penalite si yo vyole yo.

Sa pral pèmèt pèp ki oprime yo ak nasyon ki vle yo, rale kò yo epi fòme eta endepandan pa yo san anpèchman. Lap gen ladan e otonomi rejyon pou minorite nasyonal yo ak pèp ki vle rete fè pati on leta sosyalis milti-nasyonal.

Responsabilite Travayè ki Konsyan wòl Klas yo

Nap mande tout travayè ki konsyan wòl klas yo lan vil Nou Yòk pou prepare tèt yo ansanm ak mas travayè yo pou revolisyon sa ki gen pou fèt.

Nap mande-w pou met men avè nou pou nou ka fòme on nouvo pati Maksis Leninis ki koupe kòd lonbrik ak opòtinis yo, ki pral òganize epi mennen bato lit revolisyonè a.

Nap konekte aktivite sa yo ak on apèl pou nou pran on pozisyon fèm kont atak rasis yo, epi pou nou travay lan mitan mas yo lan on espri entènasyonalis pwoletaryen. Travayè yo ki konsyan wòl klas yo, dwe montre ak ekzanp yo, chemen inite reyèl sa, fratèrnite ak zanmitay lan mitan pèp, lan diferan klas yo kap soufri kapab fèt selman lan on lit revolisyonè chen anraje kont rasis ak opòtinis.

Nou lanse apèl sa lan anpil lan diferan sektè lan klas ouvriyè a. Apèl fèt pou nou kominike mesaj nou piklè, epi tou pou nou respekte egalite lang tout travayè lan zòn la.

Nou menm kap lanse mesaj sa, se reprezantan travayè Maksis revolisyonè vil Nou Yòk la ki konsyan wòl klas yo. Nou sòti lan diferan nasyonalitè; nou se Afriken-Ameriken, Blan, Laten ak Azyatik. Aksyon tèt kole nou an se on ekzanp pou mas travayè yo pou yo swiv lè nap batì inite klas ouvriyè a.

Lòt zak laterè zenglendo la polis:

Pandan an majorite moun ki viktim terè la polis soti lan nasyonalite yap toupiziyo, gen blan tou ki viktim.

Inite Travayè Tout Peyi!

Al Johnson
Revolutionary Political Organization (Marxist-Leninist)
P.O. Box 15914
New Orleans, LA 70175

Jim Rosenbaum
Friends of Labor's Champion
P.O. Box 1854
Manhattanville Sta.
New York, NY 10027

Deklarasyon sa jwenn sipò:

Ralph D'Angelo
Elyenè Dayiti
Manuel Ubiera
Jean Runningwater Black

Click here to return to the U.S. Index

Hosted by www.Geocities.ws

1